Skip to main content

Haitian Creole & Spanish Translation: New PFML Policy and FML Policy Change at UMD

Haitian Creole Translation

Nou kontan pataje yon mizajou enpòtan konsènan pwogram konje Sistèm Inivèsite Maryland lan, ki ap pèmèt nou ranfòse sipò nou ap bay anplwaye yo pandan evènman lavi ki enpòtan yo.

Enfòmasyon Enpòtan

Apati 1ye jiyè 2026, USM ap adopte yon nouvo pwogram Konje Familyal ak Konje Medikal Peye (Paid Family and Medical Leave, PFML). Avantaj sa a bay anplwaye ki kalifye yo yon konje peye avèk garanti travay pou rezon familyal, medikal, ak sèten rezon ki lye ak sèvis militè.

Yo te mete pwogram sa a sou pye sou baz lwa Maryland lan ki aplikab ak anplwaye Ajan Egzekitif yo, san wete USM. Li enpòtan pou w note pwogram PFML sa a USM ap jere a separe ak pwogram Asirans Konje Familyal ak Konje Medikal (Family and Medical Leave Insurance, FAMLI) Eta a, aktyèlman yo prevwa pou antre an vigè nan dat 1ye janvye 2028. Anplwaye USM yo pa gen kouvèti sou baz pwogram asirans FAMLI a, epi se USM ki ap kontinye vèse avantaj PFML yo dirèkteman.

Kisa sa vle di pou ou

PFML pèmèt ou pran konje nan travay ou pandan w ap kontinye resevwa salè nòmal ou epi pandan w toujou ap jwenn avantaj ou yo ak garanti travay ou.

Nan pifò ka yo, anplwaye yo kapab:

  • Jiska 12 semèn konje peye nan yon peryòd 12 mwa
  • Jiska 24 semèn nan sikonstans ki limite yo

Kouvèti PFML:

  • Kreye lyen ak yon nouvo timoun (nesans, adopsyon, oswa plasman)
  • Pwòp pwoblèm sante grav ou
  • Pran swen yon manm fanmi ki gen yon pwoblèm sante grav
  • Sèten sitiyasyon ki lye ak sèvis militè

Chanjman nan Politik Konje ki la Deja yo

Konje Parantal Peye

  • PFML ap ranplase politik sou konje parantal aktyèl USM yo.
  • Sa gen ladan:
    • Politik VII-7.49 Konsèy Administrasyon an – Politik sou Konje Parantal ak Lòt Sipò Familyal pou Manm Pèsonèl la, epi
    • Politik II-2.25 Konsèy Administrasyon an – Politik sou Konje Parantal pou Kò Anseyan an
  • Kounye yo ap bay konje pou kreye lyen ak yon nouvo timoun pa mwayen pwogram PFML la.

Chanjman nan Lwa sou Konje Familyal ak Konje Medikal la (Family and Medical Leave Act, FMLA)

  • USM ap soti nan yon metòd “retwospektiv” pou vin nan yon metòd “pwospektiv” pou suivi konje FMLA a.
  • Alavni, peryòd 12 mwa FMLA ou a ap kòmanse nan dat ou te pran konje FMLA a pou premye fwa.
  • Tout anplwaye ki kalifye yo ap resevwa yon nouvo dwa pou yon konje FMLA ki dire 12 semèn apati 1ye jiyè 2026, kèlkeswa konje yo te pran anvan dat sa a.

Objektif mizajou sa yo se pou pi byen amonize FMLA federal la ak PFML Maryland lan, yon fason pou kowòdone avantaj konje w yo pi fasil.

Sa w dwe fè apresa

Li pa obligatwa pou pran okenn mezi byen vit.

Si w planifye pou pran yon konje kalifye nan dat oswa apre 1ye jiyè 2026:

  • Tanpri, egzamine dokiman ki nan atachman an, FAQ pou Anplwaye PFML yo (diponib an Anglè, Kreyòl Ayisyen, ak Espanyòl)
  • Kontakte sèvis Konje ak Amenajman UHR la (umdleave@umd.edu) si w gen nenpòt kesyon oswa pou w jwenn konsèy ki adapte ak sitiyasyon byen presi w la

Nan semèn ki ap vini yo, UHR ap pataje plis detay konsènan politik PFML yo, san wete kondisyon kalifikasyon yo ak fason anplwaye yo kapab gen aksè nan nouvo kalite konje sa a. UHR ap ofri yon seri seyans enfòmasyon, sit entènèt ki ajou, ak resous pou ede anplwaye yo konprann nouvo politik la ak nenpòt mezi yo kapab oblije pran.

 

Spanish Translation

Nos complace compartir una actualización importante sobre los programas de licencia del Sistema Universitario de Maryland.  (USM), la cual ampliará el apoyo para los empleados durante eventos importantes de la vida.

Información importante

A partir del 1 de julio de 2026, el USM implementará un nuevo programa de Licencia Familiar y Médica Pagada (PFML, por sus siglas en inglés). Este beneficio proporciona a los empleados elegibles licencia pagada con protección laboral por motivos familiares, médicos y ciertas circunstancias relacionadas con el servicio militar.

Este programa fue establecido conforme a la legislación del estado de Maryland aplicable a los empleados del Poder Ejecutivo, incluido el USM. Es importante señalar que este programa PFML, administrado por el USM, es independiente del programa estatal de Seguro de Licencia Familiar y Médica (FAMLI, por sus siglas en inglés), cuya implementación está prevista para el 1 de enero de 2028. Los empleados del USM no estarán cubiertos por el programa FAMLI, y los beneficios de PFML continuarán siendo proporcionados directamente por el USM.

¿Qué significa esto para usted?

El programa PFML le permitirá ausentarse del trabajo mientras continúa recibiendo su pago regular, manteniendo sus beneficios y con protección laboral.

En la mayoría de los casos, los empleados podrán tomar:

  • Hasta 12 semanas de licencia pagada dentro de un período de 12 meses.
  • Hasta 24 semanas en circunstancias limitadas.

El programa PFML cubre:

  • La vinculación con un nuevo hijo (nacimiento, adopción o acogimiento).
  • Su propia condición de salud grave.
  • El cuidado de un familiar con una condición de salud grave.
  • Ciertas situaciones relacionadas con el servicio militar.

Cambios en las políticas de licencia existentes

Licencia Parental (Paid Parental Leave)

Las políticas actuales de licencia parental pagada del USM serán reemplazadas por el programa PFML. Esto incluye:

  • Política VII-7.49 del Consejo de Regentes – Política sobre Licencia Parental y Otros Apoyos Familiares para el Personal.
  • Política II-2.25 del Consejo de Regentes – Política sobre Licencia Parental para el Personal Docente.

La licencia para vinculación con un nuevo hijo ahora se proporcionará a través del programa PFML.

Cambios en la Ley de Licencia Familiar y Médica (FMLA, por sus siglas en inglés)

  • USM cambiará del método de "retroceso" al método de "avance" para el seguimiento de la licencia FMLA.
  • En adelante, su período de 12 meses de FMLA comenzará en la fecha en que utilice la licencia FMLA por primera vez.
  • Todos los empleados elegibles recibirán un nuevo derecho de 12 semanas de FMLA a partir del 1 de julio de 2026, independientemente de la licencia utilizada antes de esa fecha.

Estos cambios están diseñados para alinear mejor la FMLA federal con el PFML de Maryland, facilitando la coordinación de sus beneficios de licencia.

¿Qué debe hacer a continuación?

No se requiere ninguna acción inmediata.

Si está planificando una licencia que califique para el programa a partir del 1 de julio de 2026:

  • Revise las Preguntas Frecuentes sobre PFML para empleados adjuntas (disponibles en inglés, criollo haitiano y español).
  • Comuníquese con UHR Leave and Accommodation (umdleave@umd.edu) si tiene preguntas o necesita orientación sobre su situación específica.

En las próximas semanas, UHR compartirá más detalles sobre la política PFML, incluyendo información sobre elegibilidad y el proceso para acceder a este nuevo beneficio. También se ofrecerán sesiones informativas, actualizaciones en el sitio web y recursos adicionales para ayudar a los empleados a comprender la nueva política y cualquier acción que deban tomar.

Back to Top